Lespri Granmèt la poze sou mwen

Lespri Granmèt la poze sou mwen, Li voye mwen kòm mesaje Pou m' gaye Bòn nouvèl la toupatou sou tè a. Lespri Granmèt la poze sou mwen, Li voye mwen kòm mesaje Anonse Bòn Nouvèl liberasyon pèp li a. Rele tout malere kape viv nan lapenn, Tout moun yo ki grangou ni sa kape kriye. Rele tout frè nou yo ki mare anba chenn. Tout sa ki pa konnen si yo moun tout bon vre. Rele tout malere ki kloure lakay yo. Tout sa k' dekouraje ki san espwa pou viv. Rele tout frè nou yo ki pa kapab pale. Tout sa k'ape soufri ke lenjistis kraze. Rele tout malere ki enfim yon kote Tout sa kip a genyen yon ti kwen pou yo viv #catholicchurch #katolik #pentecote #pentecost #pentecôte #confirmation #konfimasyon #napregletoutbagayanchantan #youtubehaiti