Montre mwen sa sa vle di

Montre mwen sa sa vle di renmen Montre mwen sa sa vle di. Renmen frè m' yo avèk ou Bondye. Renmen frè m' yo tout bon vre. Map sonje tout sa yap kraze Tout sa yap pilonnen Map sonje sa yo meprize Sa kap sèvi tòchon Map sonje tou sa k' nan lapenn, Tout frè m' yo k'ap soufri. Map sonje tout moun kap kriye, Tout sa k' pèdi espwa. Map sonje tou sa k' pa konprann, Sa ki bouche je yo. Map sonje sa k' ret ap gade, Tout sa ki pè lite. Map sonje tou sa ki tonbe, Sa k' pa kapab ankò. Map sonje tou sa k' pèdi rout, Sa k' vire do ba ou. M' ap sonje tou sa k' nan batay, Sa k' refize dòmi. M'ap sonje tou sa k'ap goumen Pou demen ka pi bèl #napregletoutbagayanchantan #katolik #catholique #catholicchurch #catholiquedumonde #catholicprayer #catholicchurch #vatican