Sòm 79 | Kreyòl Ayisyen
Byenvini sou chanèl mwen an "Fr Riche" Kote mwen ap prezante nou Liv Sòm lan An Kreyòl Ayisyen,chapit aprè chapit ki ap sòti Sou Chanèl sa a chak jou a 7h nan maten Annou li ansanm : 79 ¶ Se yon sòm Asaf. Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a! Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li. Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch. 2 Yo kite kadav moun k'ap sèvi ou yo pou zwezo nan syèl vin manje. Yo kite kadav moun k'ap viv pou ou yo pou bèt bwa vin manje. 3 Yo fè san pèp ou a koule tankou dlo larivyè. San an koule tankou dlo nan tout lavil Jerizalèm. pa t' gen pesonn pou antere kadav yo! 4 Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib. 5 Seyè! jouk kilè w'ap rete fache ak nou? Gen lè se pou tout tan? Eske w'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife? 6 ¶ Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. 7 Paske, se yo menm ki fin touye pitit Jakòb yo, yo fin ravaje peyi kote yo rete a. 8 Tanpri, pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè. Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou, paske nou fin dekouraje nèt. 9 O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou. 10 Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande nou: -Kote Bondye nou an! Fè yo wè, devan je nou, jan w'ap pini moun ki te fè san sèvitè ou yo koule! 11 Koute jan prizonye yo ap plenn non! Avèk fòs ponyèt ou, delivre moun yo kondannen amò yo non. 12 Seyè, rann moun lòt nasyon yo sèt fwa laparèy pou tout joure yo joure ou yo. 13 Lè sa a nou menm, pèp ou a, mouton ki nan savann ou yo, nou p'ap janm sispann di ou mèsi. Pitit an pitit, n'a fè lwanj ou. Bondye beni nou !! Rete nan lanmou Kontakte m' : [email protected] #psalm79 #psaume79 #haitiancreole #kreyolayisyen

Sòm 80 | Kreyòl Ayisyen

21 Sòm de konba, pou konbat mechan yo , som 64, som17, som 54, som144, som 37 ,140..

Toujou gen tan pou'w ekri yon lot chapit diferan pi sènse de pwop vèsyon pa'w:(#video#motivation)

Sòm 74 | Kreyòl Ayisyen

Hillsong Worship Songs 2026 Collection, Top Christian Worship Music, Morning Worship Songs Playlist

Pa Kite Emosyon Kontwole W | Meditasyon pou pran kontwol lavi'w

Haiti tonbe 1-0 vs Ecosse, Abit la fè nou mal, 2 penalty li pa ba nou, Haiti jwe yon gwo match

Sòm Pou Dòmi Anpè : Sòm 07 Sòm 32 Sòm 34 Sòm 62 Sòm 91 Sòm 121 Ak Sòm 143

Unbelievable Workers | Working with Talented Engineers #46 #fail #adamrose #smartworkers

« On dirait que la vie t'a enfin punie », lança mon père avec un sourire narquois. Puis il me ...

Jou Pa'w La Pa Lwen Rive | Lapriye Deblokaj | Som Pou Domi

Sòm 78 | Kreyòl Ayisyen

Brazil vs. Morocco Highlights FIFA World Cup 2026 | Sportschau

What A Beautiful Name - Worship Songs 2026, Best Christian Music, Start Your Morning With Worship

Pourquoi PERSONNE ne parle de ce que le Pape Léon XIV vient d’effacer de l’Église

PRIÈRES du matin: protection, abondance et Miracle Urgent. psaumes 23, 70 et 91 🙏14 Mai 2026

YOUR SUNDAY IS COVERED WITH THE BLOOD OF JESUS ~ 14TH JUNE 2026 | PRAYERS FOR DIVINE BLESSING

Nostalgie Chansons Françaises Mix 2026 ♫ Lara Fabian, FrédéricFrançois, Joe Dassin, Celine Dion

