Sòm 74 | Kreyòl Ayisyen
Byenvini sou chanèl mwen an "Fr Riche" Kote mwen ap prezante nou Liv Sòm lan An Kreyòl Ayisyen,chapit aprè chapit ki ap sòti Sou Chanèl sa a chak jou a 7h nan maten Annou li ansanm : 74 ¶ Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo? 2 Pa bliye pèp ou te chwazi depi nan tan lontan an, pèp ou te achte pou ou te fè yo tounen moun pa ou! Pa bliye mòn Siyon kote ou te chwazi pou rete a! 3 vin wè sa ki rete apre ravaj la! Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a. 4 Moun ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo. 5 Yo tankou moun k'ap voye kout rach pou koupe pyebwa nan yon gwo rak. 6 Yo kraze bout bèl panno bwa byen travay ki te nan tanp lan, anba kout rach ak kout mato. 7 Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l' vide atè. 8 Nan kè yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sèl kou! Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a! 9 Tout bèl bagay ki te nan tanp lan disparèt. Pa gen pwofèt ankò. Pesonn pa konnen kilè sa va chanje. 10 Bondye, kilè moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure? Gen lè lènmi yo p'ap janm gen respè pou non ou? 11 Poukisa ou derefize ede nou? Poukisa ou rete kanpe ap gade, de bra ou kwaze? 12 ¶ Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fè nou genyen anpil batay sou latè. 13 Se avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a. Se avè l' ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo. 14 Se ou ki kraze tèt levyatan an, lèfini, ou fè bèt k'ap viv nan dezè a manje l'. 15 Ou te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule. Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch. 16 Ou fè lajounen, ou fè lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo. 17 Se ou ki fikse limit tè a. Se ou ki fè sezon chalè ak sezon fredi. 18 ¶ Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou! 19 Pa lage pèp ou nan men lènmi l' yo tankou toutrèl devan malfini. Pa bliye moun pa ou yo ki nan mizè nèt. 20 Chonje kontra ou te siyen avèk yo a! Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mòn yo se ansasen. 21 Pa kite moun y'ap peze yo wont! Fè pou pòv malere yo ka fè lwanj ou. 22 Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen! 23 Pa bliye jan lènmi ou yo ap rele byen fò! Pa bliye jan moun ki pa vle wè ou yo ap fè eskandal san rete. Bondye beni nou !! Rete nan lanmou Kontakte m' : [email protected] #psalm74 #psaume74 #haitiancreole #kreyolayisyen

Sòm 75 | Kreyòl Ayisyen

Sòm 78 | Kreyòl Ayisyen

ወንጌል ሉቃስ

11- Jwen 2 Samyel 12 e Som 11-- Frè Jean-Larice Despagne -- An Nou Li Bib La

CUBA AP BOULE, VLADIMIR PUTINE,KOTEW YE POTE BOURE OU SE ZANMI CUBA,KRIZ GAZ, CUBAIN YO DERAYE NÈT

Meditasyon Pou Kalme Lespri Ou | Afimasyon Pozitif Pou Lapè Enteryè & Disiplin Mantal

Yon polisye ki pran bal fè TOUT MOUN SEZI, lap chante temwaye pou Bondye nan fèt lapolis Okap

Sade Greatest Hits 🌙 Smooth Operator, No Ordinary Love | Timeless Soul & Jazz Classics

Frequency Of God 963 Hz ✨ Attract Miracles, Divine Blessings & Deep Inner Peace In Your Life

12JUIN😱BANDI LATIBONIT BOULE KAY ANSYEN SÉNATEUR YOURY LATORTUE LAPOLIS KONTINYE MENNEN OPERASYON

Gade Yon Adorasyon Senyè | Chak Moman Avèk Sr Erline Marc Nan Ministère Réflexion Beni Nanm

Hebrew Spiritual Melody - Sounds of Israel for Meditation and Deep Relaxation

Sòm 91 | Kreyòl Ayisyen

Hillsong Worship Songs 2026 Collection, Top Christian Worship Music, Morning Worship Songs Playlist

50 Classical Music You Should Listen to Once in Your Life 🎵 Mozart, Schubert, Beethoven, Bach

Reprògrame Sibkonsyan Ou Pou Siksè | Afimasyon Pisan Pou Chanje Lavi Ou

Pour Cement into Pallets and see what most people don't even imagine happens! Creation Daily

Sòm 85 | Kreyòl Ayisyen

Listen and Feel the Peace | Tibetan Healing Sounds for Deep Meditation, Inner Peace & Soul Healing

