KISA KI KONSTIPASYON AN?
Eske w te konnen tout bagay sa yo sou #KONSTIPASYON? Kisa li ye ? Ki koz ki ka fè yon moun konstipe ? Ki prevansyon nou ka fè pou nou pa konstipe ? Konstipasyon an se pa lè yon moun balonnen ki fè yon jou li pa ka twalèt men pito se yon moun ale nan twalèt mwens ke 3 fwa nan semèn pandan plizyè mwa swivi . Nan mond la sou chak 5 moun gen yonn ladann yo ki konstipe swa plis ke 150 milyon moun nan mond la. Gen yon fanm sou 2 ki konstipe nan mond la. Konstipasyon an plis frekan kay fanm, kay granmoun ak ti bebe ki pran lèt nan bibwon. Twalèt la ki nan vant moun nan ka ret bloke swa nan kolon an sa yo rele gwo trip la oubyen nan rektòm nan pati final gwo trip la. Konstipasyon an kapab okazyonel oubyen kronik, Okazyonel : moun nan konstipe yon lè konsa e li pa dire sou li Kronik : se lè moun nan konstipe pandan plis ke 6 mwa. Ki koz ki ka fè yon moun konstipe ? 1. Si yon moun pa manje ekilibre 2. Gen kèk medikaman tankou: medikaman. kont maladi depresyon, maladi kè, maladi sik ak medikaman kont doulè ( mòfin), medikaman kont asid 3. Si yon moun pa pran abitid al nan twalèt lèl gen twalèt 4. Si moun nan pa fè espò oubyen egzèsis fizik 5. Manke bwè dlo 6. Gen kèk maladi ki bay konstipasyon tankou: (Timè nan sistèm dijestiv la, maladi tiwoyid, maladi sik) 7. Fanm ansent kabap konstipe Siy ak sentom 1. Doulè pou moun nan twalèt e li twalèt yon tika(tou piti) e li kapab di tou 2. Doulè nan vant 3. Bolonnen Ki prevansyon nou ka fè ? 1. Bwè anpil dlo swa 2.5 lit dlo chak jou 2. Bwè yon jis ki abaz agrim tankou : ji zoranj, ji sitwon.... 3. Manje anpil fwi, legim, ak sereyal ki rich an fib tankou : pwa, kiwi, pòm, chou .... 4. Fè espò pou pipiti 3 fwa nan semèn nan pandan 30 minit omwen 5. Evite pran medikaman siw pa gen nesesite 6. Mastike byen tout sa nap manje 7. Pran tann w pou w ale nan twalèt 8. Bay vant ou masaj 9. Evite medikaman ki pou relachew pou al nan twalèt (laxatif) WebSite https://zoom509.com/

Siw renmen manje ZABOKA Dr Auguste pote anpil enfomasyon pou nou nan #TeamAswèA

10 SILENT SIGNS Your KIDNEYS Are FAILING — Most People Miss These!

Ou renmen manje CHOKOLA? Dr Auguste vin di w tout sa ki bon ak pa bon nan manje ak bwè CHOKOLA

KISA KI KA BAW DOULÈ NAN RÈL DO AK NAN SENTI

Kisa yon fi dwe fè pou diminye doulè lè li gen règ ?

Kisa Ki Lakoz Tèt Fè Mal ? Tout Saw Dwe Konnen De Tèt Fè Mal

Edikasyon sou Maladi Tensyon ak Maladi Ke

At 24, I never saw my twin sister

my cancer symptoms (colorectal cancer awareness)

What a Stroke Looks Like the Day Before It Hits — Know This to Protect Yourself

How is kidney failure treated?

"The ONE FOOD That Can Starve Cancer & Stop Inflammation" - Eat This Every Day | Dr. William Li

H. Pylori is silently taking over Haiti. Watch out!

Doctor’s Natural Trick to Clear Mucus from Lungs FAST!

Comment Éliminer Ce Mucus Chronique Dans La Gorge | La Vraie Cause Que Personne Ne Vous Dit

The Full Truth About Herpes

TOP 10 des aliments pour DETOXIFIER tes REINS

Men sak few souvan konstipe

7 Potassium Foods That Help Control Blood Pressure Fast | Cardiologist Explain

