PARE POU CHAMPION (OFFICIAL VIDEO)

‘’Pare Pou Champion’’ se plis pase yon mizik se yon selebrasyon pou Ayiti, pèp li a, kilti li a, ak fyète ki viv nan nou tout. Nou kreye mizik sa a pou sipòte epi leve Ekip Nasyonal Ayiti a pandan y ap monte sou sèn mondyal la pou reprezante yon peyi ki plen rezistans, pasyon, talan, ak bote. Nan chak pawòl, chak tanbou, chak vizyèl, ak chak moman, nou te vle montre enèji ak lespri espesyal ki fè Ayiti inoubliyab. Sa se pou kilti a. Sa se pou pèp la. Sa se pou Ayiti. #musicvideo #selection #video