Lave M Ak Dlo Vivan - 111 L’ombre Du Réveil

111 L’ombre Du Réveil 1. Papa mwen chita devan-w maten an Men ti Bib mwen louvri devan-m M'ap mande-w tanpri louvri lespri mwen Pou'm ka konpran-n pawòl ki ladan-l Pou-m ka sonje se ou ki papa mwen Pou-m toujou fè tout sa ou di mwen Mwen bezwen fòs LespriSen ou anpil Pou'm rete toujou nan bon chemen Kè Lave-m ak dlo vivan Nouri-m ak pawòl vivan Pou-m sèvi Bondye vivan Toutotan mwen rete vivan 2- Mèsi Bondye ou ban mwen pawòl sa-a Lè-m dekouraje li ban mwen fòs Lè-m grangou, lè mwen swaf mwen sipòte Pawòl sa gen pwoteyin ladan-l Tanpri pa kite-m pase yon maten Pou-m pa pran randevou ak Bib mwen San-m pa jwen-n medikaman mwen bezwen Pou pase jounen-an ak Bondye. Merci pou ekout la. Sonje abòne a chanel la pou w kapab jwenn tout nouvo video map mete yo. Ke Bondye beni w. Support the channel here: https://www.paypal.com/donate/?hosted... Cash App | $Elyseeblanc Suiv Mwen Sou: Facebook https://www.facebook.com/Elysee-Blanc... TikTok https://www.tiktok.com/@elyseeblanc?i... #ElyseeBlanc #Chantdesperance #Adoration #ChantsD'Esperance