Opak - Parantèz 3

#MixtapeParantèzVol1 Lirik M viv senp plen sousi men m trese yo pou m ka fè bè l Tan ap touye m chak jou m souvan tou de nwa pou m ka fè dèy M reyalis ou pap jwenn mwen nan bat dlo pou m ka fè bè M ret nan kwen m si w tranpe m nan move sòs m ka fè w bwè l Avèk tan m aprann anplis aprann vanse fò w aprann tonbe anplis de aprann navige fò w aprann plonje M parye vi m sou karyè m frè m son nèg ki aprann pran gwo ris M ap ponn klasik m stil toujou ret estoyik m kanpe an Olise Frè epa fòse m sot twò ba donk m aprann rete enb Ou paka chanje m miltipliye m pa sa w vle m ap rete 1 M konnen byen solèy la gen pou l reveye on jou kite m Annatandan m ap fe sa m kapab pou m ale a mounite m N ap sa n gen pou n fè epi pou rès la n ap rete tann Chanjman pa toujou mauvais li pata p sik si l te rete kann Toujou swiv kòd pa m e menm si ofinal sa pote pann Met chak bagay nan plas yo koz kana pa pote ze poan Boule Kalandriye paka tan Avèk ou san mwen jounen an konte boukle Viv tankou on mazora k ap kanpe dan kontinye avanse menm si n sanse bouke Boule Kalandriye paka tan Avèk ou san mwen jounen an konte boukle Viv tankou on mazora k ap kanpe dan kontinye vanse menm si n sanse bouke On nouvo abandon on nouvo blesi sou on ansyen plè On nouvo kout kouto nan do donk on nouvo ansyen frè Nouvo fason m aprann renmen yo kwaze a ansyen pèn M te panse anyen pa t chanje men s on lòt paj nan on ansyen fèy Men passons kenpòt jan sa ye n oblije kontinye frè Tante briye pou lòt menmsi tenèb ap konsime n frè On rim pou kèk lyen ki te enpotan ke tan chire frè N ap fè dèy n antere epi apre simen flè Nigga ! Dwat nan bòt mwen e tèt sou zepòl mwen An mank repè frè m te lari pou lekòl mwen M te pou kò m nan foul la donk sa aprann mache sèl Epa tèt anba m tèt anba frè anba pye m m ap chache syèl N ap fè sa n gen pou n fè epi pou rès la n ap rete tann Chanjman pa toujou movè li pa t ap sik si l te rete kann Toujou swiv kòd pa m e menm si ofinal sa pote pann Met chak bagay nan plas yo koz kana pa pote ze poan Boule Kalandriye paka tan Avèk ou san mwen jounen an konte boukle Viv tankou on mazora k ap kanpe dan kontinye avanse menm si n sanse bouke Boule Kalandriye paka tan Avèk ou san mwen jounen an konte boukle Viv tankou on mazora k ap kanpe dan kontinye vanse menm si n sanse bouke