Sòm 81 | Kreyòl Ayisyen
Byenvini sou chanèl mwen an "Fr Riche" Kote mwen ap prezante nou Liv Sòm lan An Kreyòl Ayisyen,chapit aprè chapit ki ap sòti Sou Chanèl sa a chak jou a 7h nan maten Annou li ansanm : 81 ¶ (81:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf. (81:2) Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la! 2 (81:3) Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo. 3 (81:4) Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn! 4 (81:5) Se yon lwa nan peyi Izrayèl, se yon lòd Bondye Jakòb la bay! 5 (81:6) Bondye te fè sa tounen yon lwa pou pitit pitit Jozèf yo lè li te fè yo soti nan peyi Lejip la. Mwen tande yon vwa mwen pa rekonèt ki di m' konsa: 6 (81:7 -)Se mwen ki te wete gwo chay lou ki te sou zepòl nou an. Se mwen ki te fè nou mete panyen yo atè. 7 (81:8) Lè nou te anba tray, nou te rele m', mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m' te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m', lè nou te bò sous dlo Meriba a. 8 ¶ (81:9) Koute m' non lè m'ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m'! 9 (81:10) Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo! 10 (81:11) Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m'a plen l' ak pawòl mwen! 11 (81:12) Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'. 12 (81:13) Lè m' wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè. 13 (81:14) Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m'. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen! 14 (81:15) Anvan yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont, mwen ta kraze tout lènmi yo. 15 (81:16) Moun ki rayi Seyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t'ap alèz pou tout tan. 16 (81:17) Mwen ta ba yo pi bon kalite manje pou yo manje. Mwen ta plen vant yo ak bon siwo myèl ki soti nan twou wòch! Bondye beni nou !! Rete nan lanmou Kontakte m' : [email protected] #psalm81 #psaume81 #haitiancreole #kreyolayisyen

Sòm 82 | Kreyòl Ayisyen

Gospel R&B Worship for Prayer & Restful Nights | No Mid Ads | Christian Music

4 Hours Chopin for Studying, Concentration & Relaxation

21 Sòm de konba, pou konbat mechan yo , som 64, som17, som 54, som144, som 37 ,140..

Gade Yon Adorasyon Senyè | Chak Moman Avèk Sr Erline Marc Nan Ministère Réflexion Beni Nanm

Chante ak sòm yo #sòm 7

Si Martely te konnen li pat voye Di Jij Cyprien pawòl sa...Guy Filip pale ak Prezidan FIFA, bwa mare

Frequency Of God 963 Hz ✨ Attract Miracles, Divine Blessings & Deep Inner Peace In Your Life

Ou Merite Geri | Afimasyon Pou Renmen Tèt Ou Ankò

Sòm 80 | Kreyòl Ayisyen

MA VA RESTORE SAK POU MW YO || PASTEUR SAMUEL ROBUSTE | ADORATION & LOUANGE

Sòm 78 | Kreyòl Ayisyen

Ma famille m'a traité de mendiant — puis j'ai révélé que tout m’appartenait.

Worship Music 2026 ✝️ | Nonstop Christian Praise & Worship Songs Playlist

SÒM POU EDE W BYEN DOMI : SÒM 35, SÒM 37, SÒM 55, SÒM 90, SÒM 91, SÒM 120, SÒM 121

Yon jou avan kouche soley full louange PASTEUR SAMUEL ROBUSTE

koze mande Chez 06/12/2026: USCIS Obeyi ak lof juge la - us politik and imigrasyon

Le milliardaire cache sa fortune 10 ans pour tester son fils, mais au mariage, il est chassé

Zulu Gospel Songs Mix | Powerful South African Praise & Worship

