Wipip!!! by Sydney Guillaume - Tesoro High School Madrigals - Keith Hancock

Tesoro High School Madrigals. Keith Hancock, conductor. ACDA Western ACDA Conference. March 2, 2012... - - For the score, click here: http://sydneyguillaumemusic.com/portf... - - Haitian Creole text: Wipip! Gade ki jan la vi-a bèl’o! Wipip! Gade ki jan kè mwen kontan’o! Wipip! Nan pwen Kayen, nan pwen Abèl! Solèy taye banda sou tout la tè beni; An ba yon sèl drapo tout nasyon reyini. Nan pwen miray, nan pwen frontyè; Nan pwen batay, nan pwen lagè… Wipipip! Wipip! Gade ki jan la vi-a bèl’o! Wipip! Gade ki jan kè mwen kontan’o. Nan pwen Kayen, nan pwen Abèl… Nou tout se yon fanmi’o! Nan pwen batay, nan pwen la gè… Nou tout se yon fanmi’o! Nan pwen bonm, nan pwen fizi… Nou tout se yon fanmi’o! Nou tout se yonn, nou fè yon sèl… Gade, gade! Wipip! Lapè, lanmou, lajwa, wi sa bèl’o! Wi nou kontan, kontan, wi sa bèl’o! Men choublak tout koulè anvayi jaden mwen; Rosiyòl ak toutrèl ap fè gam tout lajounen. Bèt sovaj ak mouton dòmi nan menm kabann; La kontantman gaye nan mitan tout savann. Pou tout moun ki renmen, an nou rele “bravo!” Pou tout moun ki sou la tè, an nou rele “bravo!” Pou la vi-a kap donnen, an nou rele “bravo!” Pou mizik tout koulè, an nou rele “bravo!” Bravo pou lanmou’a! Bravo pou lavi’a! Bravo pou mizik la! Bravo pou lapè’a! Pou tout moun kap koute! Woy! Ala yon bèl bagay lè moun respekte moun; Lè lapè ak lanmou simaye toupatou. Kèlkilanswa lakay, ositou nan travay, Lè nou tout fè yon sèl, se s’ak fè la vi-a bèl’o! La vi-a bèl’o! Gade, gade! Tout zanmi kap koute, nou pa dwe janm bliye, S’ak fè la vi-a bèl, se lè yonn renmen lòt. Gade ki jan la vi-a bèl’o. Gade ki jan kè mwen kontan’o. Wipip!!! - - - - - - English translation: Wow! Look at how beautiful life is! Wow! Look how happy my heart is! Wow! There is no Cain and Abel! The sun shines all over the blessed earth. Under one flag, all the nations unite. There are no gates, there are no borders; There are no fights, there are no wars… Wow! Wow! Look at how wonderful life is! Wow! Notice at how my heart is so content! There is no Cain and Abel… We are all one family! There is no fighting, there is no war… We are all one family! There are no bombs, there are no guns… We are all one family! We are all one, we all make one… Look, look around! Wow! Peace, Love, Joy, how beautiful! We are content, we are happy; yes, how beautiful! Flowers of all colors have taken over my garden. Nightingales and pigeons are singing scales all day long. Wild beasts and sheep are sleeping on the same bed. Happiness has spread in the midst of all deserts. For all those who love, let us call out “Hurray!” For all people on earth, let us call out “Hurray!” For the blessings of life, let us call out “Hurray!” For music of all colors, let us call out “Hurray!” Hurray for the Love! Hurray for the Life! Hurray for the Music! Hurray for the Peace! Hurray for all those who are listening! Wow! What a wonderful thing when people respect each other, When peace and love is spread everywhere. Whether at home or at work, When we all become one, life is amazing! Life is beautiful! Look around, just look around! To all friends listening, we must never forget Life is beautiful when we love one another. Look how amazing life is. Look how happy my heart is. Wow!!! - - sydneyguillaume.com