KIJAN SENTESPRI KAPAB EDE NOU PADONE?

Nan Jenèz 1:26 loske BonDye kreye nou li kreye nou ak imaj li ki se LANMOU. Malerezman peche te defigire nou e anpeche nou manifeste imaj saa. Men nan Women 8:29, Pawòl BonDye di nou, an JEZIKRIS nou te predestine pou nou manifeste imaj saa. Savle di BonDye rebannou kapasite pou nou sanble avè l. Men sitiyasyon nou viv e travèse, souvan kreye sa ki rele lakay nou: OFANS / BLESI. E jeneralman bagay sayo vini pou anpeche nou manifeste imaj BonDye, jan Papa BonDye mande l la. Nan videyo saa nou pataje kèk konsèy ak ou pou ede w debarese w de mank padon, èn ak ofans, pou ka rive lese SENTESPRI edew veritableman manifeste IMAJ BonDye ki se LANMOU.