Tanpri Bondye Granmèt
[Chorus] Tanpri Bondye Granmèt nou, Aprann nou ret an silans Pou nou kapab rankontre w [Verse 1] Rive sou mòn Orèb la Eli antre nan yon trou ròch Li pase tout lannwit la, Lape lapriyè. [Verse 2] Yon vwa di Eli konsa Soti andedan trou sa-a, Ale kanpe nan mòn nan Granmèt la ap pase [Chorus] Tanpri Bondye Granmèt nou, Aprann nou ret an silans Pou nou kapab rankontre w [Verse 3] La menm vi-n gen yon gran van Pi rèd pase yon tanpèt Van sa-a te si tèlman fò, Anyen pa-t kanpe. [Verse 4] Mòn yo pa-t ka-p reziste Ata blòk ròch yo krazé, Men Bondié Granmèt la menm, Li pa-t nan van sa-a. [Chorus] Tanpri Bondye Granmèt nou, Aprann nou ret an silans Pou nou kapab rankontre w [Verse 5] Apre sa fini pase Tè-a pran tranble byen fò. Men nan tranbleman tè sa-a, Granmèt la pa-t la [Verse 6] Aprè tè a fi-n tranble Yon gran dife dechen-nen, Men nan dife-a non plis, Granmèt la pa-t la. [Chorus] Tanpri Bondye Granmèt nou, Aprann nou ret an silans Pou nou kapab rankontre w [Verse 7] Lè tou sa fini pase, Yon gran silans vin rive La men Eli di nan kè-l, Granmèt la rivé [Verse 8] La menm tou li pran manto-l Li vlope figi-l avè-l Li sòti nan trou ròch la Li kanpe devan-l. [Chorus] Tanpri Bondye Granmèt nou, Aprann nou ret an silans Pou nou kapab rankontre w [Verse 9] Sa-k byen pa konn nan fè bwi Ni bwi pa konn fè byen, Bondye se Li menm ki byen, Li pa nan fè bwi. [Verse 10] Lè ou bezwen lapriyè Fèmin pòt chanm ou byen di Papa w ki wè nan fè-nwa, Lap remèt ou sa. [Chorus] Tanpri Bondye Granmèt nou, Aprann nou ret an silans Pou nou kapab rankontre w #napregletoutbagayanchantan #prayer #gospelmusic musiquecatholique #chantekatolik #churchcatholic

Nap regle tout bagay an chantan, mizik kreyòl katolik

Pitye pou mwen Bondye Granmèt mwen

Yon Adoration Beni Nanm | Ou Pran Tristes Mwen Yo | Psalmist Aniel Fils | PrièreMidi21

WHEN YOU ARE TIRED, BE STRONG – God Sees Tears in Your Eyes | Powerful Worship

Tapri Bondye Granmèt nou n 'ap règle (paj 392 )

Nan pye lakwa Granmèt la

Avèk solèy ki tounen leve

Map chante lwanj pou ou

Let my life testify - MY LIFE IS NOT AN ACCIDENT - YES YOU ARE HERE - O GOD I COUNT ON YOU - Anne...

16 JUIN :30 MOUN MOURI NAN KOMINE CITE SOLEY -BANDI IZO YO MANDE 700000 DOLA POU LIBERE BAYA

Pèp la travèse

O Bondye tanpri pitye pou mwen

Pi Bèl Chants D’Espérance Kreyòl | 1 Heure Adoration & Lapriyè | Musique Evangelique Haitienne

Moun Ki Manje Nan Pen Sa - Mizik Legliz | Chante ak Lirik

Ou menm sel kem dezire amen – Jésus est toujours là pour toi | CLIC 'DOR STUDIO

Oceans - Worship Music 2026, Nonstop Christian Songs , Top Praise And Worship Songs 2026 Playlist

Rev. Lochard Remy Konpilasyon Mizik | Senye M Bezwen Prezans Ou | Bondye Fel | Haitian Gospel 2026

PLM-PRIÈRE MIDI || LE DIEU QUI GUÉRIT || MARDI 16 JUIN 2026 || PLM AMEN 3 FOIS

WI SE LI KI TOUT FOS MWEN

